Pastoral da Criança Pastoral da Criança

Sidebar

  • Início
  • Ansent
  • Timoun
  • Pitit
  • Anpil Materyèl edikatif
  • Busca
  • Facebook
  • instagram
  • Português
  • Español
  • Inglês
  • Kreyòl ayisyen
  • Português
  • Español
  • Inglês
  • Kreyòl ayisyen
  • Início
  • Ansent
  • Timoun
  • Pitit
  • Anpil Materyèl edikatif
  • Busca
  • Facebook
  • instagram
banner home 01
banner lateral 1 01 banner lateral 2 01 banner lateral 3 01

Gid Ajan

Tibebe a nan premye semèn li nan lavi a

Détails
Mis à jour : 5 October 2015

Tibebe a nan premye semèn li nan lavi a

Tibebe

Manman an ak tibebe a rantre nan lakay la! Se pou yo fete vini yo nan fanmiy lan ak nan kominote a :

O bondye, tout kominote a di w mèsi pou kado lavi a.

Se pou timoun sa kapab yon senbòl prezans bondye.

Se pou li grandi gras ak lèt manman l.

Nan konesans lanmoun bondye ak pwochen nou yo.

Se pou paran li ba l ekzamp la fwa

Epi edike l nan pawòl bondye.

Se pou la pè, byen, lanmou ak tandrès abite nan kè l. Amèn.

Paran yo gen pou responsabilte aksepte avèk lanmou travay okipe epi edike pitit yo. Yo dwe fè l dapre koutim yo, sa yo kwè ki bon ak lafwa yo.

Pi bèl temwanyaj la fwa paran yo ka bay, se prezante timoun nan bay kominote kretyen yo. Nan fanmi katolik yo, batèm nan se siy pou montre yon moun antre nan kominote pitit bondye a.

Tibebe pra l fèt

Détails
Mis à jour : 5 October 2015

Akouchman an

Akouchman

Yon tibebe ki fèt se yon moman pou nou selebre lavi ak lesperans. Se yon mirak Bondye ki reyalize.

Tout bagay dwe fèt pou tibebe a fèt dapre metod natirèl san gwo risk ni soufrans pou manman an ak tibebe a. Si akouchman an gen bom asistans, manman an ak pitit lan dwe byen trete ak respè, tandrès epi atansyon. Se pwofesyonèl lasante ki ka fè fas ak nenpòt pwoblèm ki poze k ap resevwa yo nan bon kondisyon lijyèn.

Li t ap bon anpil si papa a te ka la nan akouchman an ak lè ti bebe a fèk fèt. Sa ta montre li pran angajman l vizavi timoun nan epi sa ede kreye bon jan relasyon ant li men avek timoun nan.

Setyèm, uityèm ak nevyèm mwa gwosès

Détails
Mis à jour : 5 October 2015

Setyèm, uityèm ak nevyèm mwa gwosès 

Sou setyèm mwa gwosès la, tibebe a deja mezire preske 40 santimèt epi li peze plis pase yon kilo. Sèvo li vin pi gwo, li kapab santi doulè epi wè gwo limyè lè limye sa yo touprè vant manman li.

A pati uityèm mwa gwosès la, espas kote tibebe a ye a komanse twò piti pou li, an jeneral li al mete tèt li anba pou li prepare pou l soti nan moman akouchman an. Lè li fè sa li ogmante presyon sou blad pipi manman an ki pral anvi fè pipi pi souvan.

Nan dènye mwa gwosès la, pwa tibebe a preske rive nan twa kilo ak twa san gram (3,300 gram) epi wotè li varye ant 48 ak 52 santimèt selon sèks li.

Li bon pou paran yo pale ak tibebe a sou sa yo santi paske kounye a lè akouchman an preske rive. Se sa ki pral kreye yon relasyon lanmou ak tibebe a epi ki pral rann relasyon ant timoun nan ak paran li vin pi fò aprè li fin fèt.

Ajan, nan dènye mwa sa yo, tibebe a ap pran 2 kilo konsa, ki vle di pi gwo pati nan pwa lap genyen lè li fèt. Kidonk, li enpòtan pou manman an pran anpil pwa tou pandan dènye mwa gwosès la.

Katriyèm, senkyèm ak sizyèm mwa gwosès

Détails
Mis à jour : 5 October 2015

Katriyèm, senkyèm ak sizyèm mwa gwosès

Katriyem

Tibebe a ap bouje plis. Lè katriyèm mwa a ap fini, li mesire ant 10 epi 12 santimèt epi li peze a pe prè 220 gram.

Sou senkyèm mwa a, li souse dwèt li epi li fè grimas. Li louvri epi fèmen je l, li bouje men l ak pye l. Nan peryod sa tibebe a grandi anpil, li ka rive jiska 25 santimèt epi pese 500 gram. 

Sou sizyèm mwa a, timoun nan kòmanse devlope 4 sans: tande, santi, pran gou ak touche. Je a ki se ogann pou wè a, se denye ògann ki gen pou devlope. Tibebe a reyaji lè li wè limyè ak lè li tande mizik. Li ka tande kèk lot ti bri tou tankou lè kè manman li ap bat.

Anplis vwa manman l, tibebe a reyaji lè li tande lòt vwa tou. Paran yo ka priye oswa chante tou pre li. Si gen lòt timoun nan fanmi an li bom pou mennen yo pou yo pale ak tibebe a, pou yo karese vant manman an. Bagay sa yo ogmante relasyon fanmiy lan ak ti bebe a.

Twa premye mwa gwosès la

Détails
Mis à jour : 5 October 2015

Twa premye mwa gwosès la

Twa premye

 

Gen yon tibebe ki nan kouti. Kounye a vant manman an se yon kay lapè ak lanmou. Vant manman an se kote tibebe a ap premye rankontre manman l ak papa l.

 

Nan finisman premye mwa a, tibebe gentan gwosè yon grenn diri. Sèvo li, systèm nève li, kè li ak kolòn vètebral li ap fòme.

 

Rive nan de mwa gwosès, tèt tibebe a byen gwo, je li, zorèy li ak bouch li parèt.

 

Rive nan twazyèm mwa, sèvo a, lestomak la, trip yo, zo yo ak misk tibebe a deja pi devlope epi ap travay ansanm. Kò tibebe a preske fin fòme. Se nan moman sa, yo rele li fetis. Pou Pastoral Timoun yo, depi lè li tonbe nan vant manman an, li se yon tibebe ki bezwen lanmou ak atansyon.

Fanm ansent lan

Détails
Mis à jour : 5 October 2015

Fegondasyon

 Fegondasyon

Pou yon tibebe fèt fòk gen yon espèmatozoyid ki jwenn avèk yon ovil. Lè de selil sa yo rankontre, yo fòme yon ze (zigot), ki se premye selil tibebe a. Depi nan moman sa se yon lot moun ki fòme.

Ovil la fegonde aprè anviwon de semèn avan règ yo vini. Twa semèn aprè fi a fin ansent, kè timoun nan kòmanse ap bat nan vant manman an. Nan moman sa, gen anpil fi ki pa konnen si yo ansent, paske se sèlman yon semèn reta règ yo genyen.

Tibebe a grandi chak jou pandan 40 semèn ki egal a nèf (9) mwa yon fi pote tibebe nan vant li. Pandan gwosès la, fanm nan dwe fè anpil atansyon ak sa lap manje pou li ka toujou an sante.

 

Pastoral da Criança

Endereço: Rua Jacarezinho 1691 - Mercês
CEP: 80810-900 - Curitiba - Paraná - Brasil

Telefone: ++55 (41) 2105-0250

Este trabalho da Pastoral da Criança é licenciado com uma Licença Creative Commons - Atribuição - Não Comercial 3.0 Não Adaptada.

Política de Privacidade

 

Doar agora